Viza Reyinifikasyon Familyal-Visa Reunificación Familial

KISA PWOGRAM SA YE?

Pwogram reyinifikasyon familyal la, se yon pwogram Leta chilyen mete sou pye ki kòmanse 2 jiyè 2018 la. Se yon pwogram kap pèmet sitwayen ayisyen kap viv Chili- ki gen rezidans-  fè fanmi pwòch yo ki Ayiti benefisye yon viza tanporè (viza imanitè) pou vin viv avèk yo isit nan peyi Chili.

Leta peyi Chili jere pwogram sa ak kolaborasyon biwo OIM nan peyi Chili ak biwo OIM nan peyi Dayiti.

KIYÈS MOUN KI KA PATISIPE NAN PWOGRAM SA?

Moun ki ka patisipe nan pwogram sa, se moun ki marye, moun kap viv ansanm ki pa marye men ki gen pitit, timoun ki gen pi piti pase 18 an (Minè), pitit kap etidye ki pa gen plis ke 24 an.

MEN KI ENFÒMASYON OU DWE KONNEN SIW ENTÈRESE AK PWOGRAM SA A:

1.- Demann viza reyinifikasyon familyal.-

Pou demann sa fèt, ayisyen kap viv Chili a, ki gen rezidans isit Chili, dwe fè yon lèt ki pase kay Notè. Ayisyen sa a, ka fè demann reyinifikasyon familyal la pou mari, pou madanm, pou timoun ki gen pi piti pase 18 an (Minè), pitit kap etidye ki gen ant 18 ak 24 an.

2.-Prèv ki montre moun ki mande viza reyinifikasyon familyal la gen rezidans Chili.

Ayisyen kap viv Chili a, dwe bay prèv ke li rezide nan peyi Chili. Li ka montre sa ak dokiman Depatman Extranjeria Ministè Enteryè peyi Chili ba li a. Dokiman w ap bezwen yo se yon  yon Sètifika ki di w gen rezidans pèmanan. Nan tou lè de ka yo, kat idantite pou etranje ou genyen an dwe a jou, li pa dwe espire. Dokiman sa yo dwe pase kay Notè epi dwe fè pati demann viza a.

3.-  Prèv ki montre ou se fanmi moun ki mande viza reyinifikasyon familyal la ki rezide Chili a.

Moun ki Ayiti a dwe bay prèv ki montre li se fanmi moun ki Chili a, ki mande viza reyinifikasyon familyal la. Ou kapab montre relasyonw ak moun nan ak yon Sètifika maryaj, oswa Batistè pitit fi/oswa pitit gason ki sòti nan BIWO LETA AYISYEN ki gen otorite pou sa (Direksyon Jeneral Achiv Nasyonal). Dokiman sa yo dwe legalize nan Ministè Lajistis ak nan Ministè Afè Etranjè peyi Dayiti. Dokiman sa yo dwe gen pou pi piti 90 jou depi yo fèt, sòti depi jou yo te legalize nan Ministè Afè Etranjè peyi Dayiti a.

4.Dokiman fanmi moun kap mande viza a.

Moun ki Ayiti a dwe gen yon paspò ki valab pou pi piti venn kat (24) mwa.

5.- Kazye Jidisyè.

Moun ki Ayiti a, ki majè (ki gen plis pase 18 an) dwe remèt  yon Sètifika Kazye Jidisyè ki sòti nan Direksyon Santral Lapolis Jidisyè, ki legalize nan Ministè Afè Etranjè peyi Dayiti.

6.- Sètifika Medikal

Moun ki Ayiti k ap mande viza a dwe remèt yon Sètifika Medikal ki konfime li pa gen maladi enfeksyon oswa kontajye. Sètifika sa dwe legalize nan Ministè Sante Piblik ak Ministè Afè Etranjè peyi Dayiti.

7.- Pri viza reyinifikasyon familyal la  

Leta peyi Chili fikse pri viza sa a: US$ 25(Vennseng dola ameriken). Apre kòb sa, OIM kapab mandew yon lòt kòb pou sèvis sa a.

8.-Viza reyinifikasyon familyal pou ayisyen ki gen rezidans Chili a, se sèl Otorite Konsila peyi Chili nan peyi Dayiti ki kapab bay li.

Sanntyago, 22/01/2021

Sous: OIM/ DEM

Leave a Comment

Tu dirección de correo electrónico no será publicada. Los campos requeridos están marcados *

Scroll to Top
Scroll to Top